LETA KONTINYE GOUMEN Yon lòt fwa ankò Lapolis kontinye fè tout sa yo konnen pou gen kontwol katye popilè yo KOTE YO FÈ PLIZYÈ TANTATIV POU ANTRE NAN PLIZYÈ ZONN TANKOU VILAJ DE DYE KI DIRIJE PA CHEF GANG IZO, GRAN RAVIN KI SOU KOMAND BOUGOY AK TI LAPLI. JUSKAPREZAN YO POKO JANM KA PRAN KONTWOL GANG SA YO SITOU GANG 400 MAWOZO KI FÈ PALE DE LI ANPIL NAN JOU SA YO KOTE YO ARIVE KIDNAPE EPI MALTRETE 2 RESÒTISAN FRANSÈ AK PLIZYÈ RELIJYE NAN LEGLIZ KATOLIK. MOUCHE LETA METE AJENOU YON LÒT FWA ANKÒ, ANPIL KESYON AP POZE NAN DIFERAN KOUCH NAN SOSYETE SIVIL A TANKOU: KIMOUN KI TA AP FINANSE GROUP GANG SA YO? POUKISA OKENN MOUN PA EPANYE ? JISKAPREZAN LETA PAKA REPONN SOSYETE SIVIL LA POU TOUT ZAK MALONÈY SA YO KI ANPECHE PÈP AYISYEN AN VIV BYEN KOTE NOU KOMANSE GEN ANPIL KONPATRIYÒT NOU KAP SOVE KITE PEYI A POU ALE CHACHE LAVI NAN LÒT PEYI. PANDAN JOU YO LA MOUN AP FÈ LA NAVÈT DEVA...
Enstabilite ak ENSEKIRITE a tounen yon MÒD de vi nan SOSYETE a Li pi fasil pou leve yon bon maten ak dlo nan je w pou fason ENSEKIRITE ak ENSTABILITE a tabli nan peyi a. Nou pa janm pase yon mwa san nou pap gen Manifestasyon vyolan nan peyi a ki lakoz lekòl paka fonksyone, biznis yo paralize, biwo leta oblije fèmen. Pandan Prezidan li men m ap lonje dwèt sou kèk Nèg nan BOUJWAZI ayisyen nan k l rele OLIGAK KONWONPI ki ta lakoz tout TANSYON sa yo. Ki vinn rann Leta telman FÈB li pedi kontwol tout GETO nan peyi a. Klima ensekirite ak Enstabilite a ap ogmante malgre JEFÒ fòs de Lòd yo kote Lapolis ap pèdi lavi yo nan move kondisyon nan KATYE popilè yo paske tout GETO yo ame epi chaje resous pou fè rezistans. Kouman nou kab panse konstwi peyi, lè nenpòt ki sitwayen ou sitwayèn kapab retwouve l dwe tout cheve nan tèt li paske li te oblije prete pou l peye ranson? Kouman nou kab panse konstwi peyi, lè chak ayisyèn, chak ayisyen kapab leve yon maten epi li wè tout sa l te posede kò...