AYITI PAP PERI
Klas mwayènn Ayiti a bezwen yon lòt estrateji ak yon lòt reflèks pou l siviv
Mwen denonse ak kondane ak tout fòs mwen ka kidnapin sa ki fèt yè 1 avril la sou manm legliz Advantis nan Dikini, Pòtoprens pa endividi moun pa rive identifye. Yon lòt fwa ankò, zak kidnapin an seri sa yo ; mete ak lòt zak asasina, anlèvman, ekzekisyon pa pèson entèpoze, vòl ak destriksyon byen prive moun ; montre a klè pèp ayisyen an pran anba gwo konplo ak krim òganize ki remonte depi lè ti konkonm ak goumen ak berejen.
Kidonk, karakteristik zak sa yo, kategori moun kap egzekite yo a, pwofil viktim yo endike klèman ke se zak teworis, ke komanditè oubyen otè entèlektyèl tout plimay a gòch, adwat, anwo, anba ap finanse, ravitaye ak sipòte sitou jèn gason viktim de gouvènans leta ayisyen nan katye defavorize yo, pou avanse agenda ak pwoteje enterè politik, sosyal ak ekonmik yo andan peyi d’Ayiti. Zak sa yo vize espesyalman malere ak malerèz nan teworize, dekapitalize, demantibile majorite san vwa ak san defans nan klas mayènn lan ak nan dyaspora a ki vle yon lòt leta, yon lòt Ayiti ki chita sou bon jan gouvènans, sekirite, la pè, jistis ak devlopman.
Kidnape, anlve, ransone ak egzekite timoun, jen fi, jen gason, etidyan, medsen, avoka, enjenyè, kretyen, militan politik, ak resòtisan ayisyen fè wè a klè yon jefò pou mentni stati kwo politik, ekonomik ak sosyal ki pemèt klas boujwa a, klas politik tradisyonèl la mare sosis yo ak anpil lòt peyi nan kominote entènasyonal la pou repouse do anpil fanmi, pwofesyonel, ayisyen nan dyaspora nan yon fason pou atoufè, apatrid ka vin likide tout rès resous ak rezèv peyi ya, ran li vivab sèlman pou yo ak fanmi yo ak konbat tout mouvman r/evèy entè/nasyonal kap fèt pou rekipere Ayiti anba grif yo.
Desizyon ak aksyon gouvènman ayisyen an, sektè prive a, klas politik la ak swadizan elit entèlektyèl nou yo demontre klèman fenomèn ensekirite sa pa konsène yo paske li pa afekte yo, pitit yo, fanmi yo, ak zanmi yo. Absans yon taskfòs andan leta ant otorite fwontalye, dwann, bank santral, lapolis, lajistis ak palman an; ant leta, patnè etranje ak sektè prive ya tankou bank komèsyal yo, biznis kap van pwodwi oubyen sèvis ki rive $ 500 dola vèt fè nou konpran sa pa enterese mouche leta nan egzèse bonjan kontwòl sou mouvan gwo sòm lajan kap fèt andan peyi a ak rapòte yo nan tout transparans bay « ULCC », inite kila pou kontwole koripsyon andan peyi a. Malerezman, sa pa nan enterè administrasyon Jouth-Moise lan, men kanta dola senkant la ($1.50) sou transfè a letranje, zòt pa di way. Milyon sou pwodiksyon ak renouvèlman paspò pou dizan, ak kite pò lib pou kontreban zam ak bal vin touye malere nan peyi se sèl estrateji ki garanti chan lib pou s/eleksyon chanpwèl pou konsolide oligachi san manman sa a.
M panse moman mande yon lòt reflèks ak lòt estrateji kote « majorité silencieuse » sa dwe level kanpe, rele amwye, bare vòlò, bare anwo, bare anban pou enpeche demagoji sa kap fèt la. Pa egzanp, pèp dominiken an pa tap janm pran sa nan men Leonel oubyen Abinadel. Kisa ki esplike zonbifikasyon nou kòm pèp ki te venk youn nan pi gwo lame nan mond lan a lepok pou nou te pran libete nou. Lè a rive pou n sispan ap di « Se Jezi ki pou di yon mo » paske Jezi te di mo a déjà : « tout moun ki kwè nan li, af fè tout sa l fè yo ». An nou oganize nou de fason pi entilijan pou yon konba pi entelijan. Tout ayisyen konsekan ki kwè tout bon nan yon lòt Ayiti kòmanse aji pou fè echèk a tout fòs fènwa ki vle aneyanti Ayiti.
#Ayitipapperi !
Great text ✍🏾
RépondreSupprimer